Description
Ou pral responsab pou vizite lokal piblik yo, evènman yo, katye rezidansyèl yo, ak kote yo vann an detay yo pou ede rasanble moun kap aplike/aplikan pou asirans sante. Yon pati nan tach yo gen ladanl edike moun sou avantaj asirans sante yo, tcheke kapasite yo pou wè si yo kalifye, epi soumèt dokiman enskripsyon obligatwa yo.
Nou pral anseye w estrateji pratik ki konsantre sou bezwen kliyan potansyèl la ak fason ou ka satisfè bezwen sa yo ak sèvis ke nou ofri yo.
Wòl sa a se yon wòl kontraktè endepandan pou twa premye semèn yo. Ou pral travay ak ajan ki lisansye pandan w ap chèche lisans Florida 2-40 ou a. Pandan tan sa a, ou pral aprann teknik ak estrateji pou ou kapab fè siksè nan domèn sa a. Lè w fin gradye nan kou fòmasyon 3 semèn nan, w ap anboche kòm yon anplwaye aplentan depi w fin ranpli fòmasyon an epi w jwenn lisans ou.
Ou pral fè $1500/semèn pou kòmanse
Ki sa ki kondisyon yo:
Ou dwe gen omwen 18 an.
Ou dwe gen yon rezidan legal nan peyi Etazini.
Pa gen dwa gen okenn kondanasyon krim nan 7 dènye ane yo.
Pèmi Kondui valab.
Ou dwe konfòtab travay deyò konstamman.
Kapab kominike pozitivman ak yon popilasyon divès.
Espri inisyativ motive ak ekselan kompetans nan jesyon tan ak nan òganizasyon.
Ekselan ladrès kominikasyon, ki gen ladan elokans, koute aktif, ak ladrès entèpèsonèl.
Ou bezwen renmen vwayaje epi genyen yon konesans an pwofondè sou pwodwi wap ofri a.
Pase verifikasyon antesedan yo..
Nou tap renmen sa si ou genyen, men li pa obligatwa:
Gen yon Lisans Sante 2-40 Florida aktif oswa 2-15 Asirans Vi ak Sante.
Bileng, enkli kapasite pou li ak ekri.
Ki sa nou ofri:
Kalite Travay: Kontraktè Endepandan pou twa semèn ak Aplentan lè ou gradye nan fòmasyon an e jwenn Lisans Asirans Sante 2-40 Florid.
Orè: 6 jou pa semèn.
Salè: $1,500/semèn.
Oryantasyon yo fèt jedi, vandredi, samdi ak dimanch.
Discussion
By posting you agree to the Terms and Privacy Policy.