Pwezi Kreyol, An n Pale kreyol
Gròg
Yon kout gròg
Nan boutèy nwa w
Se rale zonbi nan bafon mòn trenen w
Gròg
Yon kout gròg nan forè penbèch ou
Se plezi nan vag lavi w
Ki danse nan lakou legba m
Yon kout gròg pou m rele lwa minwi m nan fant janm douvanjou w
Banm gròg mwen pou m pwonmenen nan sou pis ou
Pou m layite nan kwis ou
Banm gròg anm.
Discussion
By posting you agree to the Terms and Privacy Policy.